Mwen Mouri-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2014
Featuring-Steeve Khe
Produced By-Reginald Bastien, Edzer Charlemagne, Sanders Solon
Lyrics By-Reginald Bastien
[Verse 1]
Mwen mouri lè’m wè devan lakay yon machin nan pakin mwen
Mwen mouri lè’m wè devan pòt chanm yon soulie sou tapi mwen
M te toujou kont krim pasionè a koz de ou mwen vle pèdi la rezon
Eske se la fin du monde
M te toujou wè la vi a bèl a koz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon

[Verse 2]
Mwen mouri lè mwen wè sou kabann misie avèk madanm mwen
Mwen mouri se premie fwa nan vi’m mwen vle pèdi san fwa mwen
M te toujou kont krim pasionè a koz de ou mwen vle pèdi la rezon
Eske se la fin du monde
M te toujou wè la vi a bèl a koz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon
Aprè tout sa m fè, se pa sa m merite non non non

[Choir]
Aprè tout sa m fè, se pa sa m merite

[Keyboard]
Se pa ti kout kouto (4x)
Ou konnen mwen pa konplike e mtoujou ba’w la verite
Ou konnen mwen pa konn bay kou e mwen rete fidèl a ou
Yo fè’m mechanste love

[Choir]
Pou yo sa fè’m mechanste yo vòlè sa m posede
Gon’w bondye nan syèl la gon’w Bondye
(2x)

Mwen konnen mwen konn fè romans e m toujou ba ou enpòtans
Ou konnen mwen pa pozesif e ou konnen mwen gen objectif
Yo fè’m mechanste love

[Choir]
Pou yo sa fè’m mechanste yo vòlè sa m posede
Gon’w bondye nan syèl la gon’w Bondye
(2x)

[Keyboard]

Gad on doulè mezanmi ki depase tout maladi
Li menm pi fò pase lanmò li menm pi rèd pase lanfè
Bondye papa padone’l si l’ pa konnen ki sa l’ap fè
Tanpri retire’l nan fè nwè tanpri mennen’l anba vant mwen
Yon sèl bagay m’ konnen

Deyò a pa fasil (3x)
Deyò a pa fasil (3x)