Ou Pati-Mikaben

Genre-Konpa
Year-2007
[Verse]
Premye jou m rankontre w
Kè mwen manke rete,
Sa m t ap chèche anlè,
Men mwen jwenn li atè.
Sa te fè m plezi,
M te genyen w kòm zanmi,
Youn moun pou konsole m,
Lè m te gen dlo nan je m

[Chorus]
Ou pati kite mwen,
Pou bèl moman, nou te pase,
Kounye an nou blije separe,
Se sa li ye, Eheh!!
Ou pati kite mwen,
Se avèk ou, ke mwen vle ye,
San ou lavi mwen pa konble,
Tounen souple.

[Verse]
N te pasé dezane,
Nou pa t janmè bouke,
Ban m’ youn rezon ki fè,
Relasyon an pa mache.
Doudou cheri,
M’ te fè tout sa w’anvi,
Pouki ou kite mwen,
M’ap mande w’ retounen.

[Chorus:]
(Akodéon)

kè-
Wololo
Ay ya yay
Wololo

[Verse]
Depi ke ou ale,
Mwen santi m’ chavire,
Mwen ka mande bondye,
Kisa m’ fè m’ap peye.
Sa te ban m’ maltèt,
Alٍs m’ekri w’ youn lèt,
Pou m’ di w’ jan mwen renmen w’,
Mwen t’a renmen avè w’.

kè-
Wololo
Ay ya yay
Wololo
Ho ho
Ho o ho
Ho ho