Mwen Beni-Wid

Genre-Konpa
Year-2022
Produced By-Biggy Records LLC
[Verse 1]
Nou konn fè ti kont, fè ti fache
Men nou pa janm kite
K'tem diw kèlkeswa sa m fèw ou padone mwen
Menm jan mwen konn padonew tou
Se sa lanmou mande
Se vre ipokrit yo la yap veye tonbe n
Men lanmoun pa ka kraze
Ann fè kòmsi se nou de te egziste sou tè sa
Ou renmenm, mwen renmen w, pèsòn paka chanje sa
Pa ka chanje sa

[Refrain]
Anmwey mwen beni, mwen beni
(Gad'on fanm mwen beni)
Tonnè boulem m di woy mwen beni, mwen beni
(Mwen beni mezanmi gad'on fanm)
Anmwey mwen beni, mwen beni
(Gad'on fanm mwen beni)
Tonnè boulem m di woy mwen beni, mwen beni
Yo mèt sote ponpe
Ou se pam ou pam nèt

[Piano lead]
Ou pam, ou pam nèt
Ou la, ou la nèt
Ou pam, ou pam nèt

[Verse 2]
Sa k' te la avan yo te tèlman banm kou
M tèlman pran kou san m pa bwè mwen vin sou
Vire tounen map plede fè jalou
Nan tout lari, nan tout kwen map fè joujou
Kounye a m jwenn ou gad jan y'anraje
Yo pa ta renmen nou jwaye
Bon lòt semèn nan nou pral marye baby
Pou yo tan pi

[Refrain]
Anmwey mwen beni, mwen beni
Tonnè boulem m di woy mwen beni mwen beni
Anmwey mwen beni, mwen beni
Tonnè boulem m di woy mwen beni mwen bni
Yo mèt sote ponpe
Ou se pam ou pam nèt

[Piano lead]
Ti manmi, ti cheri, ti madanm mwen
Ou pam, ou pam nèt
Siwo myèl, rapadou, fanm kreyòl mwen
Ou la, ou la nèt
Ou pam, ou pam nèt
Yo mèt sote ponpe
Ou se pam ou pam nèt
;

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016