Jwet Mab-Beethova Obas

Genre-Bolero
Year-1999
Featuring-Mario Canonge / Jacques Bolognesi / Jean-Mark Albicy
Produced By-CH. OBAS Production
Lyrics By-Jean Winer PASCAL And Music: Beethova Obas
Jwèt mab


Mwen san lè ba-w légen
m-pap tann ou fè koken
Jwèt la pat pou anyen
ou mèt rélé-m kréten.
Lékad dépi opa
boul pik kè-m toujou mò
Lò-w renmen sé traka
santiman bay rémò.

Kadav lanmou-m boulé
wonn nan ak kè-m mélé
Lanmou pa konn parryé
sé bay san kalkilé.

Malgré mélankoli
lò-w bay ou pa pèdi
Menm si boul pik félé
jwèt la rékòmansé.


Si-w vlé m-ap ba-w légen
tanpri pa fè koken
Chak moun ap pran-w chimen
pèsonn pa janm genyen.
Jwèt mab, bouchon kola
piti ap fè déga
Gwo nèg ap bay zoklo
renmen sé chay sou do.

Kadav lanmou-m boulé
wonn nan ak kè-m mélé
Lanmou pa konn parryé
sé bay san kalkilé.

Malgré mélankoli
lò-w bay ou pa pèdi
Menm si boul pik félé
jwèt la rékòmansé.

Lyrics: Jean Winer PASCAL
Music Beethova Obas
Album: Planet la, 1999