Timoun -Emeline Michel

Genre-Bolero
Year-2016
Nou tonbe men fò n leve

Timoun sa n di n pral rekòmanse – wey
Kanpe gen yon peyi pou n rekole
Se tè manman n se byen papa n
N ap fè kwa ya vin pile l
Timoun se vre fòn leve kanpe
Sonje nou pa gen lechwa fò n vanse
N a pentire bale wouze, n a triye bon grenn nan laye

Tout sa k sòti nan lanmou pa gen danje
Ann rasanble rekonsilye, nan tèt ansanm sekrè a ye
Ayiti se pa n li ye, ann ba li zèl pou l vole
Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite

Timoun sa n di fò n rekòmanse
Tanpri an nou pa mache gaye
Bouke preche, bare prochen, touse manch nou pou n beche
Veye anpil je kale ap chache on wout pou pwofite lò n divize
Ann klotire, ann rebwaze byen pou pitit nou jwi demen

Tout sa k sòti nan lanmou pa gen danje
Ann rasanble rekonsilye, nan tèt ansanm sekrè a ye
Ayiti se pa n li ye, ann ba li zèl pou l vole
Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite

Hm hm
Hm hm
Nou pare

Yeah yeah yeah yeah yeah – (repeat)
[2x]

Lavi a pa rekile, fò nou vanse, fò nou vanse
Wey

Ann ale
Se sa

An nou wè

Lavi pa rekile, fò n vanse timoun