Deye Lakay-Konpa Kreyol

Genre-Konpa
Sonje,
Deye lakay
Ti kote sa'a, m'pap janm bliye'l
Deye lakay
Se fon ke'm li ret grave
Deye lakay
Se premye fwa m'te pase men sou ou
Deye lakay

Manman'l te kouche
Men sa pat anpeche
Pou nou fonksyone
N'pat menm konnen si'l tap leve.

Pap'l te soti,
Epi le a tap kouri,
N'pat menm fe vit pou'n te fini
Avan'l vini.

Sonje,
Deye lakay
Ti kote sa'a m'pa ka bliye'l
Deye lakay,
Nan panse'm li ret tache.
Deye lakay,
Se premye fwa m'te sote konsa
Deye lakay
Men pouki sa

Papa'l retounen,
Bagay la telman bon nou pa konnen
Kontinye voye monte
Se konsa sou nou li vi'n tonbe

Lepe telman sote
Ke li manke rete
menm lame a leve
Epi'm tonbe nan tet chaje

Kijan'm ta fe bliye
Deye lakay
Premye lanmou, premye echek, kote'l pase
Deye lakay.
Pat menm gen tan fini
Deye lakay
Mwen pap janm ka bliye
Deye lakay

manman pa ralanti'm sou kous mwen

A rekomanse
Kibo, kibo sa
deye lakay
Fo nou kontinye
Kibo, kibo sa
deye lakay
Sa nou te komanse
Kibo, kibo sa
deye lakay
Fo nou acheve
Kibo, kibosa
deye lakay
W'anraje(2x)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016