Fè Van-Boulo Valcourt

Genre-Bolero
Year-1995
Lyrics By-Syto Cavé
[Verse 1]
Grenn sèl bò isit kite barik pran lari
Tounen teson gravye pou manje malere
Li midi tout bourik ap ranni
Pandan kabrit ap simen fanmasi
Solèy la ap boule m
Li vle fè m anraje
Dlo nan je m, dlo nan kò m
M’ape swe tout kote
[Refrain]
Fè van pou mwen cheri
Fè van pou mwen
Fè van pou mwen cheri
Fè van pou mwen
Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy

[Verse 2]
Pandan m’ap di w sa mayengwen debake
Ak yon dividal mouch k’ap kwense m k’ap mode m
Li midi, men tout klòch ap sonnen
Ferayè sou bòdmè dechennen
Yon fèblantye k’ap pase, k’ap fè m fou, k’ap rele
K’ap mande achte bonm ak chodyè ki kreve
[Refrain]
Fè van pou mwen cheri
Fè van pou mwen
Fè van pou mwen cheri
Fè van pou mwen
Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy

[Verse 3]
Men pa gen van k’ap soufle
Ki kote van pase
Fò n jis tan karèm lè tan rara rive
Le nòde fè pechè pè lanmè
Lè frechè ap pouse do chalè
Lè sa cheri m’a simen bèl franj sou ou
M’a fè w monte nan syèl tankou yon sèvolan
Pot fil pou mwen timoun, pot fil pou mwen
M’anvi file w cheri, gen van

[Refrain]
Woy, woy, woy,
Woy, woy, woy
Woy

M’anvi file w cheri, gen van