Si Bondye-Ansy Dérose

Genre-Bolero
Featuring-Yole Derose
Si Bondye ban-n lespri se poun'n kapab semble'l
Si Bondye ban'n coeur se poun'n kapab renmen
Si Bondye ban-n la pawol se poun'n kapab pale
Poun'n sa di tout san'n dwe di
Depi na'p di sa ki vre
Pou nou pale tout pawol san ke'n pa blesse peson'n

Si bondye ba nou yeux se pou nou kapab we
Si Bondye ban'n zorey se poun'n kapab tande
Si Bondye ban'n memwa se poun'n kapab songe
Tout san'n we tout san'n tande
Sa-k fe-n ri sa-k fe-n kriye
Poun'n pa twoke minm par hasard
Sa ki bien pou sa ki mal

Si Bondye ba nou bouch se poun kapab mange
kantite'n dwe mange san nou pa gaspiye
Nou plen fre ki grangou tou patou sou late
La mize pon'n yo li kale yo
Yo pat mande pou yo te fet
Songe se fre nou ba yo men
Sin'n vle pou'n domi leve bien

Si Bondye ban'n konsyans se pou'n kapab jije
Pou'n we sa ka'p konstwi
Pou'n we sa ka'p detwi
Avan'n juge peson'n, na kampe devan on glas
Na va gade si nou samble
Moun ka'p konstwi, moun ka'p detwi
Moun ka'p simaye lajistis, ou bien lanmo

Si Bondye banou nanm se pou'n kapab soufri
Ak tout moun ki gen nanm
La vi ap mal men nen
Nou minm ki gen mwayen, ki gen yen la sante
Pa bliye fre'n yo ka'p trennen
Yo san abri yo tou touni
Nou tout se ou grin'n kote'n prale
An'n kembe min jistan'n rive
An'n kembe min jistan'n rive
An'n kembe min jistan'n rive