Ti Jocelyne-Orchestre Tropicana D'Haiti

Genre-Bolero
Year-1988
Produced By-Daniel Larivière
Lyrics By-Daniel Larivière
[Skit]
E e e e e
Se pa Ti Jocelyne?
O o…se pa sa, bon sa l gentan gen la a kounye a la a?
Ah…

[Horns]

[Intro]
Gade Ti Jocelyne ki vle pase pou bon jodi a
Gade Ti Jocelyne ki konprann li kapab twonpe moun
Alon bèl istwa, ala de koze (2x)

[Horns]

[Verse 1]
Ti Jocelyne chita l ape pran plezi
Sou madanm Lebonheur k ap fè pwòpte lakay li
Li pa wè si kay li chaje ak debri

[Horns]

[Verse 2]
Tout rad Jocelyne mete toujou mal taye (Ah.. kanta pou sa, se vre)
Men tiye l, rache l se li ki pi elegant
Jojo pran pòz li konvèti epi kay li genyen badi

Alon bèl istwa, ala de koze (2x)

[Horns]

[Verse 3]
Chak semèn ti Jocelyne nan diskisyon ak moun li pa vle peye
Kan yon lòt g on priz de goch, se pou l mache jete diskredi
Vermin…

[Hook]
Ou chaje ak pwoblèm, al pwòpte lakay ou
Ou chaje ak pwoblèm

[Verse 4]
Sa pa gen de zan ou batay ak sè w, lasosyete kondane w
Yè ankò ou pete on trouble, ou mete kouzen w deyò lakay ou
Tripòt…

[Hook]

[Keyboard solo]

[Horns]

[Hook]

[Verse 3 + Hook]

[Verse 4 + Hook]

[Outro]
Ou pèdi konpa w – Jojo
Ou san repondong – Jojo
Al remize w – Jojo
Bay moun repo – Jojo

[Hook]