L'Union-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Produced By-Ti Ansyto
Lyrics By-Christopher "Freedom" Laroche
[Intro]
Kenbe twòp pèn nan yon kè ki pa fèt pou sa
E depi lè m te batize, mwen toujou reve n'ap rive
Pase vi nou pèsekite pou tout bagay nou merite
Ou te mèt mache antre
La a se kay Bondye kote demon patap janm pase
E tankou yon rèv yon jou w'ap wè tout pèn la efase

[Chorus]
L'Union, e “l'union fait la force,” se vre
Chante pou l'union, e “l'union fait la force” vre

[Verse 1]
Sa se nou ki te kreye l
Mwen te sou wout Petion Ville pou n desann lavil
Pou m rive Top 50 pou mwen al anrejistre yon nouvo stil
Pou yon albòm ki te rele “1804”
Ke n pat menm panse moun t'ap renmen
Men se konsa, pitit Bondye vinn pot viktwa
Mennen limyè nan tout fènwa
Leve chante pou ka fè sa, fè sa, fè l la

[Chorus]
L'Union e “l'union fait la force,” se vre
Chante pou l'union, e “l'union fait la force” vre

[Verse 2]
Sa se nou ki te kreye l
Mwen te sou wout Leogane pou m rive Kafou
Pou m al kontre avèk yon baz ki te gen meyè son tanbou
Kilti peyi m nan mizik yo
3 mapou te nan yon lakou
Yo te dim w'a konstri chato,
W'a tande mato m frape klou yo
Pitit Bondye vinn pot viktwa
Mennen limyè nan tout fènwa
Leve chante pou ka fè sa, fè sa, fè l la

[Chorus]
L'Union, e “l'union fait la force,” se vre
Chante pou l'union, e “l'union fait la force” vre

[Bridge]
Papa Bondye nan syèl la k'ap veye nou
Letènel pwoteje nou
E lè w santi ke chay la vinn twò lou
Zanj yo ap vinn ede ou

[Outro]