Sove Peyi Mwen-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2004
Produced By-Ti Ansyto
Haiti
Ayibobo

[Refren]
Sove peyi mwen
Bondye w konnen nou soti lwen
Veye fanmi mwen
San yo mpa tap janm ka anyen no no no
Wa sove peyi mwen
Nou pap kite'l menm jan demen
Chanje grangou tounen vant plen
Nou pap kite'l menm jan demen
Menm jan demen (6x)
Woo

[Verse 1]
Gade tout sa ki sal vini pròpte
Tout sa'k boule vin remonte
Tout moun plante nou rekòlte - woo
Tande lapli tonbe
Remècie sièl la lè soley klere
Met men nan men nou wè pwoblèm pase - Woo bondye
Tande tanbou mache
Nape manje chak fwa ke mwen chante
Timoun yo kontan gade yo danse

[Refren]

[Verse 2]
Matin an m' leve solèy ap klere
Bò kot bèl lanmè kap monte
Tanbou peyi anm kap gwonde
Tout bèl fi ap danse
Nèg kanpe lap gade
Chita sou plaj la kounia kèm poze
Map tande vag pale se lè sa mwen plonje
Trezò nan dlo a chak fwa mwen rantre
Pagen pi bèl kote remèsie bondye ke sa la'm pouse
Nasyon ki kreye libète se pwisans nou ki te fè sa chanje
Nou danse libète tout chèn kase

[Refren]

Li pap menm jan demen non
Wap wè tout bagay pouse tout moun bien viv
Tout bagay ap chanje
Sonje mte diw sa
Ayibobo
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016