Pye M Mele-Izolan

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Tracy Trace
Lyrics By-Izolan, Tracy Trace
[Hook]
Madan mwen kenbe m ak vwazin nan sa m pral di
Pye m mele
Se nan hotel la m tap antre kisa m ka di
Pye m mele
Son ti manje nou toulède ta pral manje
Pye m mele
Manzè fache li dedouble li deranje
Pye m mele

[Verse 1]
Mwen ak vwazin nan nou tèlman koul
Fòtadi se Loulout pati koul
Chak sèvis li mande m m toujou la
Poutèt sa m wè madanm mwen joure m ti sousou
Vwazin nan toujou sou balkon
Plede show off ak bout pantalon
Lè konsa li mete m sou talon
Tankou gad kap veye ak yon gwo baton
Vwazin red tankou extrem pou mwen se li k Dexter m
M ap veye kot madanm ap soti pou m kouri kouri al fon distrè m
Mwen envite vwazin pou n al manje
premye sa l mande mwen ki kote
mwen di l ou te mèt poze poze plat
wap vire ak zoe a pa ka gen danje
mwen pullup pullup sou on nice car
m wè l etone li rete pa sa
pou jan l pale l pa sou sa
mwen di cheri pa de manana
kounya li di allons nous, gentan fè rezèvasyon nou
an parèt devan hotel la m wè madanm vin kenbe nou

[Hook]

[Verse 2]
Jan yo poko tande vwazin nan ap baw bil
Ou pa vle m kale kò m li l ap baw feeling
Nan pran pòz gwo aktè w wap jwe fo fim
Ban m bobin padan m chita m ap baw fil
Mwen wè w vle konfonn gwo jènjan ak mawozo
Gen sak avè w se pou atis gen lot se pou w ka ba yo zo
Yo tèlman kale tèt ou kounya m wè w kòmanse chòv
Kite madanm ou lakay dèyè le fin mache fè kòve
M pat konprann si w te pran m pou egare
Se kounya m ap aprann pat gen love vre
Après des mois maryaj ou vin twonpe m ak yon model
Kite kouvè manje sou tab ou vin dine nan hotel

Hein hein
Sa w panse a se pa sa
si w vle n ka manje a twa
m anvi deplase m pa anvi rete la
m konn vwazin nan son ti estera
evre ? estera ? ebyen w mèt ale m ap rete la
Papi menm si w rete la
Yon sèl bagay vwazin nan pap rete la

Oh mezanmi, yo no se nada

[Hook]


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016