Pou Manman Yo-Okyjems

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Sa se pou manman yo
Okyjems pitit lòm nan

[Verse 1]
Lè map gade la vi ak la nati
Pou'm wè kote'm soti ak kisa'm devni
Pou'w afronte lavi pou'w fè avni
Mizik sa se pou ou cherie
Pou mwen dekri tout sa m vle di
Manman yo se chodiè yo se kiyè
Manman yo se la pè solution problèm
Manman yo se amen nan tout priyè'm
Flè de mè sa mpote pou ou
Pou'm fèw santi existans ou

[Chorus]
Mèsi, pou saw ye nan la vi'm
Manman mèsi, pou saw ye nan la vi'm

Manman manman kenbe la kenbe la

[Verse 2]
Manman se ansiènte ak nouvote nan vi'm
Li se entènite'm paske tanpe panse'm
Fòw toujou respecte'l mensi l'ale
Fòw toujou remèsie si manman'w toujou ekziste
Gen manman 'k pate janm ale lekòl
Ki te goumen pou pitit yo fini lekòl
Malgre kalamite mizè'l pase
Li pat bay janm bay la vi mepriz
kritik societe pat fèl freeze
Pou jan'w te ankouraje'm lèm tap aprann chante
Kounia se mwen societe a ap onore
Ou kraze tout rèv ou menm bliye tèt ou
Pou'w te bay lavi'm gou ohh

Manman Yolande Frederick se manman pam nan
Tout manman ki nan mond lan
Tan sa se pou nou 'm kreye'l music sa se pou ou
Son'w fason m'exprime santiman
Halo manman, al nan unitransfer kounia
M' fonw transfer pou ou cherie
Mwen menm tout sa map fe se pou manmanm
Paske pa gen pèson kap ka ranplase'l