Match La Red-Haiti Rap N Ragga

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1990
[Master DJI]
Votre attention s'il vous plaît

[MC Storm & T-Bird]
Ti Lili toujou konn kijan jounen an ap kòmanse
Pa janm konn kijan l' ap fini
Lamisè rachonnen-l, fè-l pase nan je zegwi
Depi Pòpòl lage kò-l pran kanntè pou Miami
Kite-l ak yon granmoun, de timoun kòm garanti
Diri, mayi, pitimi, manje chè vant vid
Lajan moute bwa, pou tout moun match la red


[Trésor(MC BOP)]
Tinès pòtre yon avyon kan detrès
Li nan PAF, Premye Ane Flannè depatman Lwès
L' ap pran baf

[Master DJI]
Sètifika bònvi fè-l kite denye mès
Maten midi swa l'ap kalewès
Lòt jenn flannè sou katye a ap woule Mercedes

[Trésor & Master DJI]
Yo nan tout vye deal, y' ap pase speed
E pou Tinès k'ap gade yo, match la red


[Refrain]
Mezanmi, sove mwen
Match la red
Mezanmi, lage mwen
Match la red
Mezanmi, sove mwen
Match la red



[Supa Denot]
Yon jou swa pandan blakawout met tout moun anba dra
Zenglendo debake kay Manmzèl Rosa
Pran bijou, pran lajan, vijinite Mona
Toupizou Grann Nana, grennen bal sou Bòs Benwa
Kite Manzè Rosa an san men ren-l solid
Paske yo di-l nan peyi san fwa ni lwa,woy, match la red


[Elylrac]
Gade jan Pòtoprens tounen yon gwo savann
Nan pwovens debwazman, lasechès, larivyè desann
Moun sou moun, vyann sou vyann
Follow me now


[Frantzy]
Chalè, pousyè, mikwòb fè konplo pou w' pran kabann
Si w' pa pran prekosyon SIDA ka frape-w san zatann
Atache nan lari ap ba-w move atitid
Paske yo sispèk, man, match la ka red


[Refrain]
Mezanmi, sove mwen
Match la red
Mezanmi, lage mwen
Match la red
Mezanmi, sove mwen
Match la red