Viens Avec Moi-Wanito

Genre-Konpa
Year-2016
Featuring-MIckael
Produced By-Bujimix
[Intro]
C’est plus que fort que moi ce que je ressens pour toi
Viens avec moi sur le chemin de la joie
Oh oh oh
Cheri men Wanito wi
Se lajwa mwen pote wi
Bujimix, lage beat la pou mwen

[Verse 1]
Afeksyon ak atansyon ou pral jwenn sa nan menm
Bon karès avèk tandrès ou pral jwenn sa nan menm
Neg ki pou bow pwoteksyon an san dout se mwen menm
Si kè w te kraze cheri li pral repare nan menm
Neglijans ba w degoutans, ou pap jwenn sa nan menm
Plede fè w fache kriye ou pap jwenn sa nan menm
Mete lòt fanm an fas ou ou pap jwenn sa nan menm
Si yo di w yo wè m ak yon lòt fi di se pa mwen menm
Oh baby pi bon gou lanmou an se mwen k pral fè w goute l he he
Neg ki pi sansyèl la se ou k pral posede l
Oh baby sa m ap ofri w la lajan pa ka achte l he he
Paske se Bondye ki kreye l kreye l oh oh oh
[Chorus]
C’est plus que fort que moi ce que je ressens pour toi
Viens avec moi sur le chemin de la joie
Oh oh
Cheri men Wanito wi – oh oh
Se lajwa mwen pote wi

[Verse 2]
M ap fèw bliye tout pwoblèm ki tap ba ou pwoblèm
Wap mache sou wout bonè si w ta vle mache avè m
Menm si Jew fèmen ou mèt fè m konfyans ou ka al avè m
M se dènye gout dlo nan dezè a cheri ou te mèt bwè m
M konnen chak jou gason ap plede di ou je t’aime
Men mwen menm se nan aksyon m ke mwen pral fè ou kwè m
Pou m genyen w map degaje tout fòs mwen ak tout swè m
Pou jiskaske sou pen chèch lavi m ka di ou se bèm
Oh baby sa m ap ofri w la lajan pa ka achte l he he
Paske se Bondye ki kreye l kreye l oh oh oh
[Chorus]

[Mickael]
You’re my sun in the day, my moon in the night
And you know what hate and you know what I like
You’re my joy in my heart, my spirit and my soul
My light in the dark, you're heat when you’re cold
My reason to live you're reason to breath
Everything that I want and everything that you need
My rights and your wrongs help me write the songs
And with you the rest of my life I belong
You helped me grow and I help you to learn
You’re my only desire, you’re my fire when it burns
With you in my world that’s my only concern
Let’s escape to an island and never return
Yo, m konsidere w tankou yon vwalye sou lanmè
Ou se van kap Mennen mwen ale mwen pa pè
Ou s'on bon gason nan je m, ou evite tout danje m
M ap kite w pran nan manje m koz ou la pou w pwoteje m

[Keyboard solo]
Bujimix
Oh nananana
Wanito and Mickael

Ou se kaptèn bato lanmou m m konnen l pap janm peri
Nan fon kè m m santi m beni jaden lanmou m pral fleri
M pral chanje kadna k nan kè m nan ansanm ak tout seri
Se lè ou pase kle pa w la sèlman l ap ka ouvri

Hey baby baby ou pa bezwen pale
paske ou konnen lanmou m pou ou se on bagay sakre
m ap tèlman ba w love se ou menm ki pral di mwen ase
avè w mwen deja wè bwat sekrè lavi m pral kase
[Chorus]
C’est plus que fort que moi ce que je ressens pour toi
Viens avec moi sur le chemin de la joie
Oh
Cheri men Wanito wi
Se lajwa mwen pote wi