Kisa'm Te Fèw Ki Mal-Wanito

Genre-Other
Year-2021
Produced By-Maestro Steeve And Wanito
Lyrics By-Wanito
[Verse 1]
Ou di pi gwo erè ou fè nan lavi’w
Se te moman’w te livre’m kè’w
Ou di si’w te kapab jis efase
Tout souvni, tout sa’m te viv avè’w
Ou patap gen okenn regrè
Lespri ou t’ap an pè
Paske nan vi’w ou di
Mwen pat pote bonè
Tout sa’w te espere
Mwen te ba’w le kontrè
Kounyea sou non’m cheri
Ou vle pase yon gwo trè

[Chorus]
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal

[Verse 2]
Tanzantan’w ekri’m
Pou’w fè’m repwóch
Raple’m sa m’te konn fè k pat bon
Moman’w te pase avèk mwen yo
Pou ou se tan ou t’ap gaspiye san rezon
Tout sa m’te konn fè k byen
Ou di yo pat fè’w plezi
M’pat kontrole lanmou’m
M’te ba ou’l san mezi
M’pat mare pye’w lè w’ap soti
M’konn di’w vas-y
Jan w’ap pale de mwen
Kounyea sa fè’m sezi

[Chorus]
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal

[Hook]
Ou di’m pa vinn bò lakay ou ankò
Pou non'w pa site avèk mwen ankò
Pou’m ba’w lapé w m'oblije di m'dakò

[Bridge]
San m’pa ame
Pou ou m’vinn yon danje
San m’pat fè krim
Men de mwen’w vle vanje
Pou’m ba’w lanmou
Mwen pat janm pran konje
M’pat konn sa’m kraze
Pou mwen ta ranje
Pou jan’w te konn fè lwanj pou mwen
Ou t’ap di jan m’bon sa
Kounyea lè yon moun site non'm
W'ap di jan’w rayi nonm sa

[Chorus]
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’fè
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal ohh
Kisa m’te fè’w ki mal