Wap Pote L Tounen-Masterbrain

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2020
Featuring-Flav
W ap veye lè n fon ti kite pou w prann nan men m
Touye w rache w ou di se limenm ou vle tèlman w remen l, esa
Ok m konprann li byen kanpe, ou anvi manyen l
Kite m pale w de li ok, paske w poko konnen l

[Verse 1]
Fanm sa fòl epi l gen djòl
li ka fè w rale kòd pann tèt ou ak yon grenn pawòl
li gen dlo pre l li se yon drama quenn e manzè dwòl
li paresèz li pap travay e l renmen sòl
ou wè lè w mennen l soti l ap debake ak tout zanmi l
mennen l nan restoran fò l pot manje pou tout fanmi l
si l pran pòz vièj Mari l ou mèt konn Joseph anba tab
cheve zong chak semèn, an nou onèt m pap kapab

[Chorus]
m gentan fin gate mwen fin abitye
ou mèt al avè l
sa w pran pou defo l pou mwen se kalite
ou mèt al avè l – w ap pote l tounen
jan l lage sik sou kabann nan
pèsonn pa ka fè l konsa – w ap pote l tounen
jan l tape bannan nan sòs la
pesòn pa ka fè – w ap pote l tounen

[Verse 2]
ou ka panse m ap fè jalou si w vle ou ka pa kwè m
pa gen machin o mond ki ka deal ak fanm sa aprè m
se mwen k pi bon zanmi l se mwen k pi bon patnè l
al avè l, m ap kwaze de pye m chita m ap tann afè m
li se doktè m li se maladi m
li se lanfè m li se paradi m
ou vle konnen kijan m fè konnen w ap pote l tounen
se paske menm nan fè lanmou m konn fanm sa sou goumen

[Chorus]

Ok, lagè avèti pa tiye kapon
Yeah man
Chache wout ou ti gason
Ou pa ka jere fanm sa

[Keyboard]

Rap ak konpa
Yo pat konn pati sa

[Guitar]
Epi epi depoze gouyad la
Gen pou tèt gen pou ren
Woy lagè avèti pa tiye kapon

[Keyboard]
Ti bout anba li gen mèt déjà

[Guitar]