Viejo-Manno Charlemagne

Genre-Other
Year-2009
Lyrics By-Le Père De Jean Claude Martineau & Jean Claude Martineau/
Viejo

Nan mitan yon chan kann bò Igwey
an Dominikani
2 Ayïsyen chita nan’w Batey
Pye atè, do touni
Younn ape pale, younn ap koute
mwen di’w yo pa fè bri
Van nan kann nan sèlman ki tande
sa y’ape di.

Kouzen, ou pral fè tè Ayïti
gen yon komisyon, w’a bay Madam mwen pou mwen
Kouzen, s’on’w dyès pesòs
Kouzen’en’en, lè ou rive lakay
si’w jwenn Madam mwen plase
w’a bay Manman mwen li pou mwen.

Kouzen ale, Kouzen tounen
avèk nouvèl ki bay kè plen
Manman mouri, sa genyen kèk lanne
Gen moun ki di ke se chagren
Madam nan li la, li la, l’ape kenbe
e ti moun yo mal okipe
premye, grandi, l’grandi tankou chwal
Ti dènye ya pa menm sonje Papa’l.

Nan mitan yon chan kann bò Igwey
An Dominikani
2 ayïsyen chita nan’w batey
Pye atè, do touni
Younn ape pale, younn ap koute
mwen di’w yo pa fè bri
van nan kann nan kouri efase
sa y’ape di.

Kouzen, mwen sòt fè tè Ayïti
gen yon komisyon, Madam ou voye ba w’ou
Kouzen’en’en, li lè pou’w tounen
Kouzen’en’en
Lò w’ap janbe fontyè
Menm si ou pa pot anyen
Pa bliye manchèt ou dèyè.

Kouzen, Kouzen, Kouzen
Kouzen w’ap pot manchèt
Pou’w koupe bayawonn, woy
Kouzen w’ap pot manchèt
Pou’w koupe move zèb, woy

Pawòl ak mizik:
Le père de Jean Claude Martineau
Et
Jean Claude Martineau / Koralen