Bonbon-Enposib

Genre-Konpa
Year-2020
Lyrics By-Medjy Toussaint
[Intro]
Premye kote m goute l kafou
Machande bonbon sa

[Verse 1]
Move doulè se lè on moun te ba w fè yon ti goute
Ou pa fouti mande ankò malgre bagay la te gou vre
Yo ban m a kiyè sa mwen te ka manje a chodyè
Si m al mande double ya di mwen son moun ki maledve vre

[Pre-Chorus]
Koumanman
Ala gou ala gou – ala gou ala gou
Premye kote m goute l kafou – ala gou ala gou
Ala gou ala gou - Ala bonbon gen gou

[Chorus]
Mezanmi ki pri bonbon sa – machande bonbon sa
Pou jan m renmen bonbon sa – machande bonbon sa
Men ki pri bonbon sa – machande bonbon sa
Ban m simen sik sou bonbon sa – machande bonbon sa

[Verse 2]
Ay bonbon, ay ay ay bonbon
Pouki w ap fè m pase mizè sa kèt bonbon
Mèt bonbon ou menm mèt bonbon
Nenpòt kote w ye a pale pou mwen pou m rebon
On fwa ankò pa chay
M konnen l pa pou piyay
M pral sispann mete may
Pou m al avè l lakay

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Keyboard Solo]
Manje bonbon an katouch
Tonnè boule m di baby
A wi li dous dous dous dous dous – gad kijan l bon vre
Gade kijan e kijan e kijan e kijan l bonbe – gad kijan l bon vre
Li bon vre – li sikre
Li bon vre

[Verse 3]
Gade jan on bonbon djolè – machande
Tèlman li bay chalè – machande
Gad jan on bonbon bonbon siwo siwo – siwo siwo
Koumanman
Gade kijan on bonbon byen pwès – machande
Pouki wap fè vye jès – machande
Pou jan jan bonbon siwo siwo – siwo siwo

Enposib dekachte djaz la
[Guitar Solo]
Nico bandi, ti Nico bandi yeah yeah
Men bon siwo (4x)

Gade jan on bonbon djolè – machande
Tèlman li bay chalè – machande
Pou jan bonbon bonbon siwo siwo – siwo siwo
Koumanman
Gade kijan on bonbon byen pwès – machande
Pouki wap fè vye jès – machande
Pou jan bonbon siwo siwo – siwo siwo

Enposib dekachte djaz la
[Guitar Solo]
Nico bandi, ti Nico bandi yeah yeah
Men bon siwo (4x)