Sans Regret-Mass Konpa

Genre-Konpa
Year-2023
[Verse 1]
Sou latè m te vin nan on misyon malgre sitiyasyon
Mizik sèl destinasyon m malgre les deceptions
San regrè yon jou m gen pou m kite
E mwen kwè sou tè lavi a non m grave

[Verse 2]
Mizik se sa ki tout pasyon m mikwo m se anbisyon m
Mon rev de sa se t on visyon pou li m te prè pou m pran prizon
San regrè yon jou m gen pou m kite
E mwen kwè gen lòt moun ki pral kontinye

[Horns]
Van van nan kay la
Kontinye netwaye lakou a

[Keyboard]
Eya papa men Mass Konpa
Konpa nan kay la
Zopodo Zopodo Zopodo

[Choir]
M pral jete dlo
Limen balèn oh
Pou zan yo
ayibobo

[Verse]
chak jou m nan lavironn dede
malgre lespri m byen dispoze
lè m bite, si m tonbe fò m leve ankò
mwen dakò fè jefò ban m rezon ou tò
rele bondye wo

[Choir]
M pral jete dlo
Limen balèn oh
Pou zan yo – wout la deja trase m pa ka kanpe
ayibobo

[Verse]
kouri ale kouri tounen
yon milyon moun pou m bay lanmen
m innosan m trè koupab
m fè tèt mwen twòp mal pou m fè byen
lavi pa m son konba yes aya jiska lamò

[Horns]
Ou toujou ap sèmante kou w tande loraj ou kouri
Van rebare w ankò, kreten

[Keyboard]
Konpa konpa

Lavi m son liv
Chak chapit ladan l son gran istwa
Malgre tout eprèv mwen viv ak lafwa m toujou jwenn viktwa
M ap di bondye mèsi Gracia Delva pou le konpa e pou lavi

Nou nan misyon la ye
Misyin Ginen sa ye
Jou a gen pou l rive
Ya remèsye n pou sa n ye
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016