Lanmou A Distans-Ti Lunèt

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Esther Surpris
[Verse 1]
Cheri m g on bagay pou mwen eksplike w
M pa konn kijan wap pran sa
Men l enpòtan fò m di w sa
Mwen gen pou m ale nan on lòt peyi
Pou m al chèche lavi e m ap lese w isit
Men mwen pa vle w panse
Ke mwen ap bliye w lè m rive pa kriye pa plere
Lè lanmou ban n defi se fòs ak kouraj pou n genyen
Pou n konbat pou n lite

[Verse 2]
Mwen konnen w renmen m pa gen manti nan sa
Men gon pwovèb ki di loin des yeux, loin du cÅ“ur
Mwen kontan pou ou men mwen trè tris pou mwen
Ke wap kite m dèyè pou n wap abandone m
Pou'm wap ja abondone m
Yo di lanmou pèdi memwa depi li voyaje
Nan peyi ki byen lwen
Long distans se pwazon pou tout relasyon amoureuz
Pa gin manti nan sa

[Keyboard Solo]
Ti Lunèt
Oh oh oh
Esther Surpris orijinal

[Chorus]
Ou pa bezwen pè si mwen ale
Se pa kite nou kite
Bato lanmou nou pa ka fè nofraj
paske nou gen gwo vwal

Baby I want you to know
I still love you, love you, still love you
Baby I want you to know
I still love you, love you, still love you

[Chorus]

Cause baby I want you to know
I still love you, love you, still love you
Baby I want you to know
I still love you, love you, still love you

Souvan yo di relasyon a distans s on malè transparan
Si w landan l wap soufri si w kapab fò w evite l
Yo di w fò w evite l
mwen vle pwouve w ke pawòl sa
pa nan jaden lanmou ke nou plante k ap grandi
ki fè m damou san rete
cheri w konnen jan m damou

[Keyboard]
Lanmou long distans pa dous
Woy woy woy