Koulè Kafe-Dega

Genre-Konpa
Year-2003
Lyrics By-Carl-Frederic Behrmann
[Verse 1]
Banm chans pounm rakonte'n zanmi
Janm te kontre yon ti fi
Achak fwa li gade'm
Le lap mache se pa pale
Li gen yon koulè kafe
Li banm anvi pale
Li fe'm anvi

[Refren]
Fanm sa gen yon koulè kafe
Epi li byen sikre
Li ge yon zye tamaren
Zansiv violèt lan fè'm pleyen

Patrice ou pa wè fanm nan man, kyèt

[Verse 2]
Wa di se yon siklon ki pare nan syèl
Vin sove'm anj Gabriyèl
Fanm sa vin pou'l touye'm
Charm li atake'm
Mwen ta eksplike'l sam panse
M'deside chanje l'ide
M'pata renmen'l vekse m'oblije ale

[Refren]
Fanm sa gen yon koulè kafe
Epi li byen sikre
Li ge yon zye tamaren
Zansiv violèt lan fè'm pleyen

Epi Dega ba li gaz

[Guitar]
Zopodop todo (bis)

Oh mam mam
Je dis quand je te vois
Ta couleur et ton corps mais c'est pas bon comme ca
Paske ou teka pran tout sa ki andedan ke mwen
Kwè mwen le mwen di'w ou se pi bel nan yon jaden
Lot ki a kote'w yo parèt tankou yon fennen
Enbyen demen mwen ta renmen wè'w ankò
E mwen ta swete ke yon bon jou wa dakò
Mete tèt ou ave mwen pou sa renmen pi fò

Eske nou ka imagine
Sou sa yon gason vin tombe
Simplisite ki mare yon koule kafe wo wo
Pouki se mwen sa rive
Lanmou'n pa sa manifeste
San'm pat atann mwen vin tombe damou fenm sa

Fanm sa, li toujou sou ke'm
Fanm sa, li banm problem
Fanm sa, oh god
Fanm sa ah ah ah

[Guitar]
Zopodop todo (bis)

[Refren]
Fanm sa gen yon koulè kafe
Epi li byen sikre
Li ge yon zye tamaren
Zansiv violèt lan fè'm pleyen