Chanjman-Emeline Michel

Genre-Other
Year-2020
Ou pa ka evite chanjman
Se sèl bagay ki pap chanje
Nan tout listwa limanite
Pa gen anyen k vini pou rete non non non
Ou pap janm viv tout tan gen tan
Ou pa ka wè sa k gen devan
Lè on van vire lòt tan rive
Pa reziste pa ezite non

Mande sajès pou w jwenn kouraj
Chanje chimen w chanje lide w
On bousòl ka di w verite, koute l
Ou pa ka evite chanjman
Se sèl bagay ki pap chanje
Depi jenèz limanite
Pou chak bagay yon tan yon sezon
Li difisil pou w detache w
De sa w genyen de sa w konnen
Lè on van vire lòt tan rive
Pa reziste pa ezite non

Mande sajès pou w jwenn kouraj
Chanje chimen w chanje lide w
On bousèl ka di w verite, pinga w doute l
Mande sajès pou w aksepte
Tout sa w pa ka rive chanje
On bousòl ka di w verite, andan w li ye

Ozana – ou kite tan woule
Ozana – gen lòt wout gen lòt posibilite
Ozana – Anh pa enkyete w de sa k pral rive
Ozana – leve de men w anlè di mennen mwen
Ozana – Ou pa ka fè tankou w pè
Ozana – lò van chanjman rive pa ezite
Ozana – leve de men w anlè di mennen mwen
Ozana – tou va bien , tou va bien di mennen mwen
Ozana – ouh
Ozana – ah ah ah ah
Ozana – tou va bien tou va bien
Ozana – hey oh oh oh oh oh