Nou Pare-Coralie Hérard

Genre-Other
Year-2020
Produced By-Beat Maker: Ghislain Poirier
Lyrics By-Jean Winer PASCAL And Additional Lyrics: Coralie Hérard.
Nou pare

Move tan
janbe vye moman
Si’w trimen
pa janm bay legen.

La vi s’on’w vwayaj
pwoblèm se pasaj
Tonbe, men, sonje
demen w’a rive.

Nou pare
Yey, yey, yey
Nou pare
Hey.

Nan vye kwen
pa pran nan pèlen
Jwèt koken
pèdi pou’w genyen.

La vi s’on’w batay
pa lage bòday
Travay, pa pè chay
pran fòs, pran kouray.

Nou pare
Yey, yey, yey
Nou pare
Hey.
Vanse malgre tout sa’k pase
pa janm lage
La vi toujou ap renouvle
se pou’w kenbe.

Paroles: Jean Winer PASCAL
Additionelles paroles: Coralie Hérard
Mélodie: Coralie Hérard
Beat maker/Producer: Ghislain Poirier
July 16, 2019