Sa N Ap Fè-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2008
[Verse 1]
Li lè pou nou konnen sa n ap fè
Li lè pou n wete peyi n nan mizè
Li lè, li lè, li lè pou sa pale
Li lè li tan pou n chanje jan n panse
Pou ti peyi nan ka kòmanse
Oh sa n pa janm ba l chans pou li fè

[Chorus]
Li lè pou n di c’en est assez
Li lè pou n sispann gaspiye
Li lè pou nou konsyantize
Lè pou n sispann pale met la
Lè pou n soti kò n nan mera
Lè pou n poze sou on branch lespwa

[Horns]

[Verse 2]
Li lè pou nou chèche jwenn lapè
San sa m pa kwè n ap janm sot nan malè
Li lè, li lè, li lè pou sa pale
Lè pou nou vrèman fè yon jan
Deside nou fe sèman que dorénavant
N ap prale vers l’avant

Li lè pou n di c’en est assez
Li lè pou n sispann gaspiye
Li lè pou nou konsyantize
Ann rasanble pou nou kapab bale
Siye ak netwaye
Miray kay nou pi mal ke kwa bosal
Ann rasanble, jete tout malpròpte
K ap anpeche n rive avanse nèt ale

Ann rele anmwen oh
An priye ayibobo
Pou manje timoun yo
Ede manman yo

Manman pitit pa ka monte chodyè
Menm dlo n ap bwè a gen gou lanfè

Ayayay ouh oh oh,
sa n ap fè, sa n ap fè

[Horns]

Ayiti manman cheri genlè y ap kite ou mouri
Kisa n ap fè pou ou geri pou ou sispann dòmi je louvri
Yon bann swadizan moun lespri soti pou yo vann la patri
Yo genlè ap kite ou peri yo refize ba ou lavi

[Piano Solo]

Manman pitit pa ka monte chodyè
Menm dlo n ap bwè a gen gou lanfè

Ayayay ouh oh oh,
sa n ap fè, sa n ap fè

Ann rasanble pou nou kapab bale
Siye ak netwaye
Miray kay nou pi mal ke kwa bosal
Ann rasanble, jete tout malpròpte
K ap anpeche n rive avanse nèt ale
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016