Lanmou Se -Rayy Raymond

Genre-Konpa
Year-2020
Produced By-Rayy Raymond
Lyrics By-Jimmy Olivier
Ayayay yo

[Verse 1]
Aprè tout eksperyans ke m fè
M vin konprann sa lanmou ye
En dous en cho, Tom and Jerry
Li s on ti jwèt pokè ou pa ka jwe l si w pa gen kè
W ap boule, w ap boule manman
Dèfwa nan pran ti jòf ou konn pran blòf
Presipitasyon fè w pran yon move rèz
Sa nan prensip jwèt la fòk nou respekte l
Fòk nou respekte l

[Hook]
Lanmou s on ti jwèt aza
Ou ka pèdi w ka genyen
Sa depan de jan w jwe l
Sa depan kòman w jwe l oh

[Verse 2]
Dèfwa gen de rankont ou fè
Se kòmsi m ta di w fe premye lo
Sitou lè w tonbe sou boul chans lan
Ou pap ezite pou w rele bingo
W ap jwe kanmenm menmsi w konnen w ka pèdi
W ap renmen menmsi w konnen w ka soufri
It is what it is, se sa lavi

[Hook]

[Keyboard Solo]

[Bridge]
Konbyen (6x)
Konbyen moun ki jwe
Konbyen sa k pèdi
Konbyen sa k genyen
M pa fouti konnen

[Keyboard Solo]

[Hook]
Lanmou s on ti jwèt aza
Ou ka pèdi w ka genyen
Sa depan de jan w jwe l
Sa depan kòman w jwe l oh
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016