Lage Lanmou-Lakol

Genre-Konpa
Year-2002
LAKOL
LAGE LANMOU
IN SOMETHING SPECIAL

Lage Lanmou
Mwen vini di-ou de ti mo
Ki ka gueri-on ke blesse
K’konn lanmou g’anpil pouvwa
Maladi nan ke-ou va trete
Se pou-ou nanm-ap pale
Ou menm ke mwen fe lapenn
Fon ti kout je andanm
Pou we jan ke-m ap fanm

Padone mwen
Kondane mwen
Ou-a fe-m tout sa ou vle
Padone mwen
Kondane mwen
Ou’Met fe-m tout sa ou vle

Koral (1)
Lage lanmou sa pou-l pale (2x)
Kite zetwal ke nou file

Andan ke mwen pran dife
Nan ke ou gen yon lanmou
Yon lanmou kap boule
M’a riske vi mwen pou mwen sove-l
Mwen vin nan pye-ou kon jwiferan
Pou-ou pa panse m’endiferan
M’ap fe tout sa-m konnen
Pou yon jou-n ka retounen

Padone mwen
Kondane mwen
Ou-a fe-m tout sa ou vle

Padone mwen
Kondane mwen
Ou-a fe-m tout sa ou vle

Koral (1)
Lage lanmou sa pou-l pale (2x)
Kite zetwal ke nou file

Proche koute jan ke-m ap plenyen
Lage lanmou sa pou-l pale (2x)
Kite zetwal ke nou file

Proche pou we jan ke l’ap senyen
Lage lanmou sa pou-l pale
Kite zetwal ke nou file

Koral (2)
Ou kondane san-ou pa jije
Yon jou lanmou-n a va monte pi wo
Nou deja pale pou-n fe-l monte piwo
Ou kondane san-ou pa jije
Yon lanmou-n a va monte pi wo
Se Guita-m ki konnen
Chagren ki gen nan ke mwen
Ou kondane san-ou pa jije
Yon lanmou-n a va monte pi wo
Se li ki sel temwen
Chagren-ou se lanfe mwen
Ou kondane san-ou pa jije
Yon lanmou-n a va monte pi wo