Sa Wap Fè Avèm-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2014
Produced By-Alan Cavé
Sa Wap Fè Avèm

Mpèdi lanmou ki tap mache avèm
Se retem rete mpa wèl
Lòm vire gade mpa wèl
Lanmou lage menm pandan mtap mache avèl
Mte nan twò prese ap regle lòt zafè
Siw rankontrel, wa dil pou mwen kijan ou wèm dekontwole
Dil pou mwen mpa byen
Dil pou mwen mpa byen san li
Pa menotel, pa bouradel
Jis fèl konnen kouman mwen ye
Dil pou mwen mpa byen
Dil pou mwen mpa byen

Sa wap fè avè m
sa wap fè avè m

Mpèdi lanmou ki tap mache avèm
Se retem rete mpa wèl
Lòm vire gade mpa wèl
Lanmou kase kòd pandan mtap mache avèl
Lò jem desiye chagren te gentan fin fann kèm
Siw rankontrel, wa dil pou mwen
Kijan ou wè mwen toumante
Dil pou mwen mpa byen
Dil pou mwnen mpa byen san li

Pa menotel, pa bouradel
Jis fèl konnen kouman mwen ye
Dil pou mwen mpa byen
Dil pou mwen mpa byen

Sa wap fè avèm
Sa wap fè avèm

Cheri m' mande - sa wap fè avèm
Doudou m' mande - sa wap fè avem
Ap gen lanmò nan kay siw pa di mwen - Sa wap fè avèm
Se ambilans wa va rele pou mwen - Sa wap fè avèm
Di mwen, di mwen, di mwen - Sa wap fè avèm
Cheri m' mande – sa wap fè avèm

Tanpri di mwen nan kisaw lagem la
Lalin lan ap klere san rezon
Sezon yo ap pase devan je mwen
Lavim tounen yon lanfè
Dil pou mwen, mwen bezwenl

sa wap fè avè mwen, (3x)
Babe, sa wap fè avè mwen, sa wap fè avè mwen
Sa wap fè avèm, sa wap fè avèm Sa wap fè, sa wap fè, avè mwen.

Sa wap fè avèm

Map mande w baby - sa wap fè avèm
Map mande w, ki sa wap fè avèm - sa wap fè avèm
Mpèdi lanmou mwen sa wap fè avèm
Tell me, tell me, tell me what you gonna do with me
What you gonna do with me
Mwen pèdi lanmou mwen
Mwen pèdi lanmou mwen
Ki tap mache avèm
Ki tap mache avèm
What you gonna do, what you gonna do with me