Ale Trankil-Tamara Suffren

Genre-Other
Year-2020
Featuring-Donaldzie Theodore
Produced By-Tamara Suffren
Lyrics By-Tamara Suffren And Jean Winer PASCAL; Music: Tamara Suffren.

Lè maten’m, m’leve, ou nan panse’m
aswè m’pral dòmi, w‘ap domine’m
jou yo pa fasil, non, men, Papa, n’ape kenbe.

Pat janm vle ekri mizik
pou’m di’w babay
Sijè sa’a, m’pa fò ladan’l
Mwen pa gen mo
Ou s’on’w sòlda’k tonbe
men, Papa, nou pap lage.

Ale, trankil O, ale trankil O, ale trankil O
Papa
n’ape kenbe.
Ale trankil O, ale trankil O, ale trankil O
Papa
n’ap kontinyé.

Yon lòt jou’m reve ou janbe
nan yon sèl segond ou travèsé
la vi’m difisil, wi, men, Papa, n’ap avanse.

Pat janm vle fè mélodi
pou nostalji
Chak nòt yo, mélankoli
gout la pli
S’on’w pèleren’k pati
Men, Papa
n’a konsolé.

Ale, trankil O, ale trankil O, ale trankil O
Papa
n’ape kenbe.
Ale trankil O, ale trankil O, ale trankil O
Papa
n’a kontinyé.

Se BonDye ki rele’w, mwen aksepte
Lanmou’w mwen sonje
se sa’m pral chante
Pou tout òfelen ki nan chagren
Wi, pétèt, démen
n’a konn dékiprévyen.

Solo piano

Se BonDye ki rele’w, mwen aksepte
Lanmou’w mwen sonje
se sa’m pral chante
Pou tout òfelen ki nan chagren
Wi, pétèt, démen
n’a konn dékiprévyen.

Ale, ale trankil O, ale, ale trankil O, ale, ale trankil O
Papa
nou pap lage.