Kout Papa-Klass

Genre-Konpa
Year-2019
Produced By-Bbobeat
You’re gonna like this one
Klass to talk, Klass to jump cmon

[Verse]
Se li ki mete f nan flannè
Li tèlman madre l met las trèf nan pokè
Nan game nan se li k pi bon jwè
Li pa pafè men l pa janm fè erè
Li di li gen on bon fanm gras a Die
Sa fè nevan depi yo marye
On ti gason dizan yap leve
Kè li kontan lavi li konble
Yo toujou li pitit li pa sanble dèfwa sa fè l fristre
Li toujou defann madanm li tèt kale
S on nonm konsa li ye
Yon jou matin li deside mete dout sou kote
Li pran pitit li l al nan on sant de sante
Sa w tande a

[Chorus]
Anmwey - Vwazinaj rele mande sa k pase
Anmwey - Paran panike mande sa k rive
Anmwey - Li foure men nan pòch rale DNA a
Anmwey - Genlè l pran nan on fo mamit li pran on kout pitit

[Keyboard]
Li pran on kout pitit

[Verse]
Madanm parèt konsa l pantan
Li pa konn ki pye pou li mete devan
Ti pa chat se kout manchèt nan do
Men lè gen timoun se kout kouto nan do
Mesye a gentan dezole ti gason an menm fin debousole
Atitid li lekòl pachiman
Ou paka blame l s on kout papa li pran
S on sitiyasyon tout moun soufri pandan tout moun sibi
Sosyete peye l a timoun mal tonbe sa se la verite
Premye moun sou tè sa li fè konfyans manman se referans
Sa k ta di jodya l ta gen degoutans mwen tande

[Chorus]

[Keyboard]

Lè w panse w konen w bay on kout pitit
Se pitit la ou bay kout papa
Di m ak ki kouraj ou fè sa
Timoun nan pa merite sa

Ti mesye pa fè kè n sote ti medam Klass yo pa konsa

[Keyboard]
Klass nan kay la

Anmwey – se ou l te fè konfyans
Anmwey – kounya l gen degoutans
Anmwey – foure nan men nan pòch rale DNA a
Anmwey – genlè l pran nan on fo mamit
Li pran on kout pitit