Degaje-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2016
[Verse 1]
Ou toujou la pou nui’m, avili’m
Pran pòz w’ap vinn ban’m bon konsèy
Ou toujou vle blaze’m, mare pye’m
Mwen konnen w’ap chèche parèy
Se pa paske ou gache avni’w nan mal mennen vi’w
Pou’w vle gache pa’m
Se pa paske ou gate pwojè’w nan mal fè zafè’w
Pou’w vle gate pa’m

[Chorus]
Kite’m degaje’m
Pa pèdi tan’w, pa pèdi tan’w
Kite’m degaje’m
Pa pèdi tan’w, pa pèdi tan’w

[Verse2]
Ou toujou vle detwi’m
Fè zanmi’m yo vire banm do san rezon
Ou toujou ap chèche siveye’m
Depi kilè ou te patron’m
Se pa paske ou pèdi chans pa’w, ou maltrete pa’w
Pou’w vle’m pèdi pa’m
Se pa paske ou fè kont erè’w, ou pat ka tann lè’w
Pou’w vle, ou vle pou’m fè back

[Chorus]
Kite’m degaje’m
Pa pèdi tan’w, pa pèdi tan’w
Kite’m degaje’m
Pa pèdi tan’w, pa pèdi tan’w
Pa pèdi tan’w, zanmi vinn kontrarye’m

[Hook]
Banm 5 mèt la
Pou’m lave lè a
Banm 5 mèt la
(banm distans mwen)
Pou’m lave lè a

Sandoudou
Degaje pa peche
Ou manje a graten ou menm
(Chak moun nan lavi)

[Bridge]
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou’l pase
Si’w kite’l pase zafè’k gade’w
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou’l pase
Si’w kite’l pase zafè’k gade’w

Zafè’k gade’w
Si’w kite chans prezidan’w lan pase
Zafè’k gade’w
Si’w kite chans senatè’w la pase
Zafè’k gade’w
Si’w kite chans direktè’w la pase
Zafè’k gade’w
Chans sipèsta’w la pa kite’l pase

[Bridge]
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou’l pase
Si’w kite’l pase zafè’k gade’w
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou’l pase
Pa kite’l pase

Sandoudou
Degaje pa peche
File tronpèt la an granmoun
Apa’w sezi

[Refrain]
Mwen pap pèdi chans pa’m nan(3x)
Se laj k’ap monte oh
Mwen pap pèdi chans pa’m nan(3x)
Se laj k’ap monte oh

Se granmoun n’ap granmoun (4x)

Lè lafimen ap degaje
(Kiyès ki ka bloke’l)
Lè a rive pou’w degaje
(Tout moun de men anlè)

Degaje, degaje, degaje tankou lafimen (2x)

[Refrain]
Mwen pap pèdi chans pa’m nan(3x)
Se laj k’ap monte oh
Mwen pap pèdi chans pa’m nan(3x)
Se laj k’ap monte oh

Se granmoun n’ap granmoun (4x)

Lè lafimen ap degaje
(Kiyès ki ka bloke’l)
Lè a rive pou’w degaje
(Tout moun de men anlè)

Degaje, degaje, degaje tankou lafimen (2x)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016