Marasa-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Medjy (Enposib)
Lyrics By-Trouble Boy, Medjy
[Intro]
Marasa marasa
Marasa marasa

[Verse 1]
Souvan yo di moun damou yon sèl fwa
Men se pa tout lè moun ka fè yon sèl chwa
Andan kè m gon tristès m ap pote on sèl kwa
M pale a plizyè fanm nan tèt mwen g on sèl vwa
Malgre m wè plizyè koulè nan tèt mwen g on sèl fa
Wi lanmou avèg m still wè on sèl femme
Gen anpil fanm ki eseye men m still pran nan on sèl cham
Malgre l kite moun sa m vle twonpe l on sèl fwa

[Pre-Chorus]
Li ka enposib paske m gen defo
M pa vle pran nan trouble si li chaje boy
Mwen vle yon fanm kouwè l yon fanm ki bèl
Yon fanm fidèl mwen vle

[Chorus]
Marasa marasa
M ap chèche on madanm ki bò track sa
Marasa marasa
Yon fanm ki natirèl ki tankou sa m vle a
Marasa marasa
M ap chèche on lanmou menm jan ak sa
Marasa marasa
Sou nèt la m wè on foto se poko sa m vle on marasa

[Verse 2]
Ou mouri nan kansè m kriye chak lè m sonje l
On fanm menm jan avè l se sa m mande Bondye
M tcheke youn m tcheke de yo di m yo se zanmi
Yo fè m pase pou blag yo di m yo se fanmi
Yo di m sa m ap chèche m di m ap chèche on good girl
M cheke sou instagram m tcheke sou twitter
M vle on fanm ki sanble avè l m vle on marasa

[Pre-hook]
Marasa marasa
M ap chache on madanm ki bò track sa
Marasa marasa
Ayè mwen kontre youn se poko sa
Marasa marasa
M ap chèche on lanmou menm jan ak sa
Marasa marasa
Zanmi m yo vin a youn m di m pa vle sa
M vle yon marasa

[Keyboard Solo]

M pa vle – depi l pa gen fidelite
M pavle – depi l pa gen lanmou nan kè l
M pa vle – depi l pa on bon bon bagay
M pa vle

M pa gen pwoblèm si l gen tatou
Yon fanm ki prèt a tout
Fanm kap avè m toupatou
Ou fanm mwen konnen k pa sou kou

[Outro]
M ap chèche on lanmou menm jan ak sa
Marasa marasa
Yon fanm ki natirèl ki tankou sa m vle
Marasa marasa
M ap chèche on lanmou menm jan ak sa
Marasa marasa
Zanmi m yo vin a youn m di m pa vle sa
M vle yon marasa