A2Main-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Lyrics By-Trouble Boy
[Verse 1]
Gen moun ki di ke sa s on obsesyon
Ni fanm ni gason fè l pa vin poze m kesyon
Lè m pran poto m pa fè de refleksyon
Paske poto se youn nan pi gwo desepsyon
Se sel bagay ni fanm ni gason fè
Se sèl règ tout moun konnen ki pa gen eksepsyon
Lè m ap fè l m pa bwezwen gen kondòm
M poukò m m pa bezwen pwoteksyon

[Hook]
Chaje maladi deyò a mwen fe atansyon
Granmè m di m fò m jere demen m mwen pran prekosyon
M te gen randevou ak yon fi jodya
Lè m rele li di m a demen
Tou swit m pran foto m pran chanpou
M antre nan chanm m tou fè l a de men
Lajenès pandan n ap jwi lavi n jodya
toujou panse a demen
wooh
a demen

[Verse 2]
si leta pran peyi a a de men lajenès tap genyen yon lòt demen
kiltivatè tap plante depi jodi pou rekòlte yon lòt demen
nèg la dwe w li pa ka peye w bò w randevou jodi li di w a demen
fanm nan pran on lot nèg sou ou ou envite l sòti li di w a demen