Renmen M Renmen W-J-Beatz

Genre-Konpa
Year-2018
Featuring-Blondedy Ferdinand
Produced By-J-Beatz
Lyrics By-J-Beatz
Mwen montre w jan m renmen w
Mwen ba w tout sa w bezwen
Fè kado fe kenken
Ou pa manke anyen
Ou soti ak zanmi e mwen pa kapab di anyen
Si m tap fè menm bagay la
Se dife ki tap pran nan kay la
Ou ta met yon let pou w di papi kote w pral la
M ap fè on rive deyò a ou pa di m kilè m ap antre la
M paka chita kite w kontwole m kòm gason kay la
Ou menm kanpe nan figi m
Ou di ou kab kraze kay sa

Se renmen m renmen w
Ki fè w ka wè feblès an mwen
Ouh manmi m pa vle kite w
Papi m pa vle kite w
Se pa jalou li ye
Cheri mwen jis ap proteje w

Papi mwen se fanm pa w la
Fanm total kapital la
Sak an tèt kolòn pa w la
Fanm ou nome rèn pa w la
M adore w ak tout kè m
Men m pap kite w trennen m nan tè
M ap toujou ret avè w
Men fò w ka trete m ak respè

Mwen se rèv nan zantray ou
Ki se yon kleopatra
Ou mèt rele m queen chiba
Kap pote yon bebe nèf mwa
E kouraj Kathrine Flon
Oh wi cheri m son fanm vanyan
M te di w si w nenmen yon fanm la
Mwen menm kap kraze kay sa

[Chorus]

[Keyboard Solo]
Se pa jalou m jalou
Se jis damou m damou

Yo di love ou pou mwen fini – manti cheri, manti
Yo di afeksyon nou fini – manti cheri, manti
Yo di relasyon nou fini – manti cheri, manti
Men koze a pran lari – manti cheri, manti

Yo di m ou di lanmou n fini – manti cheri, manti
Yo di m ou gen on bann lòt fi – manti cheri, manti
Yo di m ou gen yon lòt pitt – manti cheri, manti
Men koze a pran lari – manti cheri, manti

[Keyboard]
Se pa jalou m jalou
Se jis damou m damou

[Chorus]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016