Manman-Accolade De New York

Genre-Konpa
Year-1980
Souke kò w, souke kò w

Fò n pa janm bliye nèf mwa manman nou fè ap pote nou
Nan soufrans o, nan lapèn o
Se pi gwo doulè ki gen sou latè
Pou manman f'on pitit o, jan sa du o

Jounen kou lannwit se soufrans pou li
Lape pran pasyans pou l sove w san maladi
Kanmèm gen pitit ki pa janm panse a doulè sa a
Pou manman yo jan sa du o

E o
E e o

Ou manman

Doulè manman se pi gwo doulè
Depi nan vant w'ap soufri pou mwen
Ni pa gen moun ki kab ranplase w
Amou manman pa gen parèy
Moso manman se pi gwo kado
Pote w nèf mwa se pi gwo doulè
Moso manman se pi gwo kado
Pote w nèf mwa se pi gwo doulè

Afeksyon manman pa gen konsa
Lè m'ap sonje avan m'al dòmi
W'ap chante 'on dodo titit, krab nan kalalou

Bon tan se ou, move tan se ou
Kote ou ye manman, kote ou ye?
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016