Pap Pran Sa Nan Men W-K-Dilak

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Lyrics By-K-Dilak
[Pre-Chorus]
Si m te bezwen w pou kabann sèlman
Cheri m tap achte on poupe
Pa konprann mwen avè w pou plezi sèks selman
Chaje lot ki ka ban m goute
Si se ou m t ap tann pou fè manje mwen le soir
Cheri m pa tap janm soupe
Si w te fe tout afè w dwat sisèman
Cheri m pa tap janm doute

[Chorus]
Pap pran sa nan men w (2x)
Lè kote w telefòn ou sonnen ou pè dekroche l
Pap pran sa nan men w (2x)
Kòd sou telefòn ou tankou kòd batiman kwochte
Pap pran sa nan men w (2x)
M ap plede depanse ou menm wap pede gaspiye
Pap pran sa nan men w (2x)
Nenpot diskisyon nou genyen ou gentan sou brote

[Verse]
Lè swa lè m kouche ou menm wap banbile
Plede achte kredi dè 3 panpile
Pou janm travay di
Pou mwen ou pa janm pran pitye
Plede soti ak limena wap byen vire
Menm on spageti pou pi piti ou pa ka bouyi
Paka graje on bannann menm pou ta fè yon bon labouyi
Zong wap awoze ki fo cheve k tonbe
Genlè w panse bote se kalite
Plede fè foli pou vanite (non non non)

[Pre-Chorus]

[Chorus]

Plede envesti m nan
ou pa vle aprann anyen
Plede fè lanmou chak jou
èske se sak rele renmen
Ou pa gentan pou w okipe mwen
Fè ti manje pou mwen
Ou pa gentan pou w lave rad mwen
Grate kap ki nan tèt mwen
Ou plis kanpe sou banboche
Si se pou plezi ou pran trofe
M pa vle nan sèvant chak jou
Mwen vle goute men madanm mwen tou

[Chorus]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016