Monte Desann-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Produced By-Pipo Beat
Lyrics By-Baky
[Verse 1]
Je m fèmen m pa jwenn somèy
Ou kidnape m, m bezwen yon sovè
M wè lavi w ranpli fè nwa
Lè m ofriw limyè, ou mande m solèy
Kè m bat ou dil fè twòp bri
Wap fè m kouri, men w di m vin twò vit
Ou di m pa janm mennen w soti
Men lè m envite w ou diw gen dòmi
M santi m bloke m pa konn sa poum fè
Ou fè m ap frapon pòt ke w pap janm ouvè
Ou fè m lavim tounon lanfè

[Refren]
Map monte desann (X4)

[Verse 2]
Ou tèlman maltrete mwen
Je m paka kenbe li fè dlo
Ou fè m kouri vin jwenn ou
lè m preske kenbe w ou banm do
Map monte piwo oooo
M Pral chache Limyè (Mèt lanmou yo)
m pral chache wè yo
Pou tou mal ou fè m yo
M pral pote plent pou kè m
kè m ki tonbe senyen
Map avèti tout nèg
Paske ou pa konn renmen
Ou pran plezi fè m pase mizè
Kom si m pa vo anyen
Fè nèg monte desann
Aprè wa di w pa Konn anyen

[Refren]
Map monte desann
(X4)

[Bridge]
Map met 2 menm anlè
si m pa pale map toufe
Fòm fè respèm avè w
si m pa kitew wap touye m
W pranm pou esklav ou he he (X2)