Echec Et Mat-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Produced By-Pipo Beat
Lyrics By-Baky
[Refren]
Poun te ka bati Game sa
se pat de solda k te sakrifye
Ou vle kanpe anfas yon loray
Album nan lage gad sak rive w
(Rap Kreyol)

Lalalalalala (Selebre) (X3)
Echec et Mat Nigga!

[Verse 1]
An 2012 mantre nan Rap ak yon kontrak siyen
M t tou piti non w game malad, sanm pat ko vaksinen
M fè konesans ak Mr Prodg, X Shadow,
Zoe Mp Marc Idalie, Kadaw, Jp, ak kèk nonm pa site
M t fon rap clean son lòt bagay m te vle montre
Se lè sa ke m vin konprann nan ki mòd game ke m te antre
Tout nèg nan manti, so l difisil pou w ret onèt
Manfas yon enmi k konnen m byen
poutan ke m mal poum rekonèt (Shit)
Chak son chak pwojè konn se pyonk plase
Chak trou, chak erè, w pèdi pyon a chak tan k pase
Lèm pi poze, konn advèsèm pral nan lapèn
M fon sèl ak team koudeta
So m plen Solda kap tann apel
Ranpli ogèy, Pa ranmase m Si m ta atè
M gon chevalier k pat itil, m te oblije chanje manager
M prèske rive, m santi wout sa se dènye pon an
(Dj Touch jwèt fini)
Album sa se dènye pyon an

[Refren]
Poun te ka bati Game sa
se pat de solda k te sakrifye
Ou vle kanpe anfas yon loray
Album nan lage gad sak rive w

Lalalalalalalala (Selebre) (X3)
Echec et Mat Nigga!



[Verse 2]
Dèfwa lè anfas ou gen plis fòs
se kouraj ki pou fè w kale
Lang se kouto
m fèmen bouch mwen pou m pa blese n lè m pale
M pap chache beef ak nèg
map just kite l pou lè n pare
Lè m fon klasik se pou lavi
nou nap fè hit pou lòt ane
(Lòt ane si Dieu veut) koz nou remake vi nou kout
Wap di se oul ye se pa yo
Mwen map di gen plas pou nou tout
M pap kite w swaf Pou yon gout
M chire beat pou nou koud
E si Duel sa rive twò lwen
nou mèt tou fè plas pou kout poud
Echèl fè w monte, men w ka monte san li
E m fè pi bon chwa depi lè m chwazi pa koute zanmi
Kwake n ka twouve l funny
M t ka pran Album sa pou yon (mauvaise idée)
si m te konn ap koute zonbi
Si w ap chache wè soufrans tann lè esklav ap Pini mèt
E si baz mwen trayi m map fè zanmi ak yon 9 milinet
E n pap epanye
Pèsòn la pa egare
(Si m di w madanm ou se moun pa m)
m garanti w se taye m taye

[Refren]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016