Bon Pou Mwen-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Niska, Michael Guirand
Produced By-Pipo Beat
[Baky]
Lè w gade nan je m sa w wè?
Met men w sou kè m saw wè?
Se tankou w dife k leve sou kò mwen
M ta renmenw vin dim sa w fè m
[Niska]
M santi tout sa w santi
m pataje tout sa k nan kè w
Ou gen yon janw Toumante lespri mwen
M santi m ap pran kriz lè m wèw
[Baky]
Manvi w vin avè m menm pè mennen w
Manvi posede w menm pè renmen w
Manvi bò kote w lè w pa la,
Lè w la m vle kenbe men w
Menm ret lwen koz m pè jennen w
[Niska]
M jennen maksepte chak lè w vle touche m
M konnen w pa pou mwen men m pa repouse w
M pa konnen sa nap fè ak vi nouuu

[Refren - Michael Guirand]
Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen
Ou tankou on maladi mwen pa vle geri
Ou tankou yon doulè mwen pa vle k fini
Li bon pou mwen, Li bon pou mwen
Ou tankou yon istwa ki pap janm ekri
Relasyon sa ka detwi vi m
Yeah yeah yeah!

[Baky]
Pwiske m pap janm ka gon future avè w
M pa kwè okenn moun ta dwe janm konn afè n
Madanm mwen ap rele m, talè fòk mwen kite w
(Oh wap kite m?)
Map revin jwenn ou 2h d tan aprè
Kò m si ak lanmò n renmen frole
Dèfwa m vle ale men san zèl m pap janm vole
Fòn pap di shutt poul pa fon tole
Chak lèm vle vag, menm ret la se tankou m kole
[Niska]
Yeah n kole vre men remò ap fann nou
E Lè w avèl kisam ka di pwiske m pa fanm ou
E m gen nèg pam(Nèg paw) map viv avèl
An konklizyon nou chak gon moun Kap tann nou
M konnenm renmenlm pat janm vle fel abus
Nou 2 gon moun nan vi n t di n tap avèl pou lavi
Yeah m wont de tèt mwen, Sak fèt la fin fèt,
m konnenm gen nèg m regrèt men

[Refren]
Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen
Ou Tankouw maladi mwen pa vle geri
Ou tankou yon doulè mwen pa vle k fini
Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen
Ou Tankou yon istwa ki pap janm ekri
Relasyon sa ka detwi vi m Yeah yeah yeah!

[Bridge]
Eske lè m lwen w ou sonje m janm sonje w la
eske chak fwa w wè m mwen fè kèw bat
Eske w regrèt janm regrèt tout sa n fè
Kijan m fè tounen chak lè m Fè back
M pa vle mennaj mwen kite m
aprè tout sa l pase avè m yo
Men kisam pral fè avè w

[Bridge]
Oewoooo ewoooo m vle kanpe sa,l
Fòk nou kanpe sa
(X2)

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016