Ret Nan Wòl Ou-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Trouble Boy, Magic Touch
Produced By-Pipo Beat
Lyrics By-Trouble Boy, Magic Touch
[BAKY]
Lontan m te gon ti senp ti cherie nan menm
Kounya m sezi m wè l tounen atis
Se ton fanm timid, byen saj, pap pale,
bon Kounya chak jou l vin sou fè kapris
Kounya se gran krèy gran lòbèy
Nenpòt 20 zanno nan zorèy
Lontan n pat konn nwi pran kamyonèt
kounya m tande fanm pa ka pran sòlèy
Gon nèg ki chanje l nan menm
e m wè Chak jou lap vin pi radi
Lontan n te konn nan tout club, kounya se Tara’s
E l pa prale sil pa VIP
Li mande m chanje kay la
anba fè twò cho m fè l monte anlè
Li pat janm te konn naje
kounya chak dimanch fò l pran zanmi l monte nan lanmè
Se ke gon nèg kap envesti
M ap chache nèg sa fò m mare l kanmè m
Mesye jis andeyò m al pran w fanm
men nèg paup soti pou varye l nan menm
Bloder kap jere l la
Pou m ta satisfè fò w ta pran kout bwa
Gon volim kob yap depanse nan fanm
ou pou w ta ka fè tou fòw ta nan pouvwa
Men m pap janm ka kite l pou ou
m pral fè w poze w map fout fè eksprè
Lajan wap bay la map manjel
e m pral nan peyanm lè m tounen wap fout fè respè w

[Refren]
Se fanm sa ou vle gate ban m nan
Madanm mwen pa konsa twò lontan
Lè m cheke ougan l di m s on sanzafe kap blo m
M konnen wape pran nouvèl la m tou di w
Blòde ret nan wòl ou
Ti lepè ret nan wòl ou
Diaspora ret nan wòl ou
Monchè ret nan wòl ou

[Troubleboy]
M ta ti mennaj mwen byen Senp
bèl tifi très jolie
nou tap menn on ti vi byen Senp
ak sa n genyen san fè foli
m te back up li te Computer
mte Computer l te Back up
m te clavye l te ekran , m te souri
en un mot, n met ansanm f on bèl Laptop
rete m rete, Laptop pran Virus
li di pou l ret avèm fò m viv k on ti rich
k on ti Rich, k on Ti Rich
li di pou l ret avèm fò m viv k on ti Rich
Manzè te Konn laloz kounya nan tout Program
se Dab, li Danse epi Nae , Nae
s on Lepè ki Lakoz li fè VIP Tab
konsal vle trip lè l ap Selebre
ou fin gate fanm mwen mpap kitel pou ou
e m pa pè lanmò m s on Capois
m pa nèg kapital m se nèg andeyò
men m si w la depi m la se mwen kap Roi-
lè m sot nan peyanm map kraze fanmò w
map manje map bwè ak tout dessert
ni ma tante ni cousine ,ni ti fanm sou kote
san m pa bliye m ap kraze tou 2 sè w

[Refren]