Veye Saw Pral Wè-Klass

Genre-Konpa
Year-2018
[Intro]
Wo o se nou, se nou
Se pa yo l ye
Wo o se nou, se nou
Wo o
Ayiti anlè nèt

[Chorus]
Pa okipe w de sa w ap tande a
(Sa y ap di deyò a)
Pito w veye sa w pral wè a
(Klass it is pi rèd)
Pa okipe w de sa w ap tande a
(Anlè nèt)
Pito w veye sa w pral wè a
(Richie ou wè kou a)

[Hook]
Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
Gade non ti papa chak jou pa dimanch (chante)
Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
Gade non ti papa papa

[Verse 1]
Se fanatik yo k mete l la
Wi nou travay di pou sa
Se nèg anlè a k mete l la
Ou paka retire n la (ayayay)
Kite yo ranse pandan n ap vanse
Se pi wo ke nou vize
Ke w fè ke w pa fè lezòm kritike
Konsa lanati fonksyone wo

[Verse 2]
Ou taye zèb anba pye nou
Ou vle elimine nou
Pandan ke sa w pwopoze a
Se pa li k verite a
Si nan tout istwa chasè se ewo
Se paske lyon pa konn ekri
Malgre tout sa w fè nou pote w sou do
W ap di w pile zegwi woy

[Horns]
Atansyon

[Hook]
Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
Gade non ti papa chak jou pa dimanch (la voix)
Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
Gade non ti papa papa

Break it down

[Chorus]
Pa okipe w de sa w ap tande a
(Se pale yo ka pale kite yo)
Pito w veye sa w pral wè a
(Veye ha ha ha)
Pa okipe w de sa w ap tande a
(Pozo pase kle w, klete machin lan)
Pito w veye sa w pral wè a

[Guitar]
Konpa (4x)
Wi pip pip - we
Ayiti cheri - we
Les Antilles - we
N ale
Woy
O o (4x)
Junior Port-de-Paix, di amatè Ulrick rele m
Tò tò Turbo konpa
O o (4x)

Ay ay ay
Nou g on konpa ki tou pare
Fanatik y ap separe
Klass la vini tou pare
Ayisyen yo y ap separe

Si ba direksyon jenès la kase
Se ou menm ki fè sa (se ou)
Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou)
Wi se ou menm

Si san l ka ekspòte banalize
Se ou menm ki fè sa (se vre)
Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou)
Wi se ou menm

Nou g on konpa ki tou pare
Fanatik y ap separe
Di Klass la vini tou pare
Antiyè yo y ap separe

Timoun kounya nan di n’importe quoi
Se ou menm ki fè sa (se ou)
Se ou menm ki fè sa (mwen di gade)
Wi se ou menm

Olye w fè travay la, w ap rablabla
Se ou menm ki fè sa (ou fè l vre)
Se ou menm ki fè sa
Maestro kanpe djaz la, kanpe djaz la
Wi se ou menm

Kounya nich yo inonde
(Nich yo mouye)
Y ap cheche pay sèch nan Klass la
(Sa fanatik yo di?)
Zaboka pa pizza
(Sa vle di)
Nou pap achte l nou pap achte l pa tranch

[Keyboard]
Way way way way anmwey
Dread Shoudley, Klass li ye tonton
O o
Richie bese djaz la

Kounya nich yo inonde
(Tou nich yo mouye wi)
Y ap cheche pay sèch nan Klass la
(Sa lemond antye di?)
Zaboka pa pizza
(Sa vle di)
Nou pap achte l nou pap achte l pa tranch

[Keyboard]
Woy
Ha ha ha ha
Tout jan m tout jan
O o (8x)
Djaz planèt la
An flannè

[Outro]
Men bon rara…woy
Pale ak moun yo
Pandan y ap ranse (se sa)
Nou menm n ap vanse (se sa)
Manti m fè
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016