Men BB A-Maestro

Genre-Konpa
Year-2017
Produced By-T-Ansyto
[Chorus]
men bebe a gade fanm nan
pou li w ap fou li k fè w damou
men bebe a gade fanm nan
pou li w ap fou li k fè w damou
men si on nèg tcheke l ou ka rale fizi w
si on nèg pwoche l ou ka rale wouzi w
tire wap ta ta ta ta
wap tire wap ta ta ta ta

[Verse 1]
ou pa bezwen fè jalouzi
ni chèche konnen sa moun ap di
ou pa bezwen chèche konnen
sa je pa wè kè pa tounen
lè ou jwenn kinan w la - pa lage
lè ou jwenn sa k pa w la - fò w kenbe
fòk ou bay love yeah

[Chorus]

[Verse 2]
mete l alèz pa ba l pwoblèm
depi l renmen w wap genyen l frèm
mennen l shopping ba l Louis Buiton
fè li vini pa fè li plenyen
lè ou jwenn kinan w la - pa lage
lè ou jwenn sa k pa w la - fò w kenbe
Kenbe li fò

fanm ou bon pete boutèy - pow pow
VIP pete boutèy - pow pow
si nou la pete boutèy - pow pow
wap depanse pete boutèy

se kinan m li ye
mwen gen dwa fè jalouzi
mwen gen dwa goumen pou li
se kinan m li ye
fanm sa se fanm pa m m ka fè sa m vle
se kinan m li ye
mwen gen dwa fè jalouzi
mwen gen dwa goumen pou li
se kinan m li ye
m ap menm rale zam pou li

[Guitar]

[Keyboard]
Di yo sa
sa se trap konpa
san konparezon, original
men djaz lari a

yo di Joube jalou - se pa jalou se prèv damou
Ti Guy Kamikaz jalou - se pa jalou se prèv damou
Dj flow jalou - se pa jalou se prèv damou
yo di Richard Urbain jalou - se pa jalou se prèv damou

[Guitar]

[Keyboard]
di yo sa, sa se trap konpa