Nou Deux-K-Dans

Genre-Konpa
Year-2001
Tout kè mwen te fèmen anfle avèk doulè
E gen on kle k ouvri l ki rann mwen fou e wi se ou cheri
Anpil fwa m ape sonje de moman k te pou nou sèl
Sa fè m renmen ou plus
Oh wi mwen genyen bon souvni de ou doudou
Wi mwen renmen w
Lanmou m pou ou pi dou wi toulèjou oh

Kè m kontan l nan vi w e dèfwa l bat pi fò
Se ou mwen renmen
Se ou cheri se ou ki sous enspirasyon m
Tankou nan sous gabriyèl nan Jacmel lè n tap koze
Nou te santi n leje
Petèt se konsa l ye lè moun damou tout bon

Si ou wè m di w sa se paske se la verite
Mwen pat gen lespwa pou mwen te ka kwaze ou yon jou cheri
Lè mwen gade, mwen wè sa mwen reyalize
Kè m kontan e m renmen w

[Horns]

[Chorus]
Yo mèt pale, yo mèt ranse ak senserite
Amour mwen renmen w pou lavi
Yo mèt pale, yo mèt ranse ak senserite
Cheri mwen renmen w pou lavi
Yo mèt pale, yo mèt ranse ak senserite
Amour mwen renmen w pou lavi

[Keyboard Solo]

[Chorus]

[Keyboard Solo]

[Chorus]

Si w wè m di w tout sa se paske m pa ka kenbe ankò
Si w wè mwen avwe w konnen ke se la verite cheri
Chak fwa ke ou souri tout san mwen tresayi
Si w wè mwen avwe w paske m pa ka kenbe ankò
Chak fwa je nou kwaze santi m paralize
Ohh men tout sa se lavi