Kilòt-5Lan

Genre-Konpa
Year-2017
Featuring-Oswald, Alan Cave
Produced By-Ti Harold
[Intro]
Montre m kilòt sa
Sa se 5lan
Oswald AC

[Verse]
Baby ou di m ou pa ka fè m konfyans
Fo w ba lanmou n on chans si w kwè nan nou
Lady lè zanmi w di w yo wè m ak fanm
Pouki se yo ou defann si w kwè nan nou

[Pre-chorus]
W al nan telefòn mwen – li mesaj mwen
Kounya w fin pèdi tan w – di m gen lòt fanm
Montre m kilòt sa

[Chorus]
O ouh oh ouh oh (3x)
M ta renmen wè ki lòt sa
Pa gen lòt – cheri ki lòt
Ki lòt – pa gen lòt
Pa gen lòt – cheri ki lòt

[Verse]
Cesse de jouer, il y a plus de raison de douter
Aucune raison de t’emballer
Mwen la pou m rete
Oh baby se pou kò aw m kenbe karès
Se pou kè w m santi tandrès

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Keyboard]
Men gouyad, men gouyad
Dj Flow, ki lòt djaz ki gen gouyad sa
Pa gen lòt, pa gen lòt

Oh oh oh montre m ki lòt sa
Show me what you got

Si ou vle nou avanse
Fò nou viv nan le prezan e non le pase
Mwen gentan di tout kote
Ke nou soude tout bon vre pou lètènite

Montre m kilòt sa
Montre m li, montre m li

Alan Cave pa gen lòt tankou w
San AC tout moun nan cho

[Chorus]

5Lan TI Harold we’re still changing the game son
I heard some other bands talking that noise
They got that gouyad
Ebyen montre m, montre m, montre m
Pa gen lòt