Matant-DarlinJohancy

Genre-Other
Year-2016
Produced By-Charlemagne Fortun
Lyrics By-Darlin Johancy Michel
[Verse 1]
4trè dimaten matant lève
Gentan bale, l'bouyi kafe
Avan jou leve l'gentan kanpe
Matant pran radio pou'l fè nouvèl
Pou'l konnen si peyi a myèl
Si l'ap kite'm al lekòl tou sel

[Prechorus]
Pou li priyorite se mwen
Eske'm malade,
eske mwen santi'm byen
Li pa'p dòmi san'l pa konnen
Eske'm manje,
Eske'm gentan benyen
Pou li priyorite se mwen
Kisa m'ap fè
Ki zanmi mwen genyen
Pi gwo rev ke matant genyen
Se wè'm grandi
E reyisi demen

[Chorus]
Matant o (x2)
Cheri mrenmen'w (x2)
Matant o (x2)
Ou banm tout sa'm bezwen
Ou ranplase manman'm
Matant o (x2)
Cheri mrenmen'w (x2)
Matant o (x2)
M'pat gentan konn manman'm
Se ou k'te tout pou mwen

[Verse 2]
Matant pito mache pye atè
Pou mwen ka mete soulye nèf
Li pito ret sal pou'l fè'm chelbè
Matant pakonn li l'pa konn ekri
Men'l konn tout sak gen nan lavi
Li konprann ki enpòtans avni

[Bridge]
Panye mango
Ti sache dlo
Matant sèmante l'pap lage
L'ap fè jefò pou'l okipe'm
Matant mwen pa't menm fè filo
Pawòl li pa koze nan dlo
Pou sa'l konnen mwen ba'l diplòm o