Yon Jounen-J-Beatz

Genre-Other
Year-2015
Featuring-Alan Cavé, Kenny Desmangles, Misty Jean
Produced By-J-Beatz
Mwen menm m se Ritchie, map renmen peyi’m menm aprè lanmò

Haiti Bondye avèw

Se Richard Cave map di nou, an nou rekonstwi sa lòt yo te bati an nou refè Haiti cherie

Mwen fè mizik sa pou Haiti, 5 an aprè, Haiti ap toujou rete Haiti kèlkeswa sa lanati deside
Alan Cavé, Kenny Desmangles, Misty Jean vin chante pou Haiti
Mwen menm mwen se J-Beatz

Yon jounnen, yon jou kou tout jounen
Lavi fèmen je li sou nou, yon sèl jou nou pran kou
Yon jounnen, soèl etenn sou nou
Tou patou nap chèche sekou
Nap gade syèl ajenou
Nape mande Bondye sak pase la
Nape rele Bondye sak rive

Yon jounnen yon jou kou tout jounnen
Nape mande Bondye reponn tanpri sa kap pase
Eske se la fin du monde?
Timoun ape rele, granmoun ape kriye
Ohh Bondye sakap pase
Sakap rive nou la
Di nou souple sa nap andure

Oh oh – nap rele Awey
Souple reponn nou din sakap pase
Oh oh – nap rele Bondye Bondye Bondye
Sakap pase sa ki rive

Sèl sa n kontan ke se pa Bondye ki fache avè nou – Oh oh
Sèl san tande sonw tranbleman de tè ki frape nou
Peyi nou an souke fòs nou kraze
Dlo nan je’n fin seche tèlman n kriye
Oh papa kote ou ye, tanpri vini delivre’n
An nou priye – let’s pray
An nou priye

Through it all we’re moving up
Menmsi gen shock Bondye pi fò
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa
An nou priye pou Haiti mande Bondye pou ede li
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa

Sèl sa n kontan ke se pa Bondye ki fache avè nou

Sainte Marie manman mwe priye pou nou
Segnè Jesus vin sove nou
Peyi’m defigire souvni’l yo ale
We need a brighter day please show us the way

Through it all we’re moving up
Menmsi gen shock Bondye pi fò
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa
An nou priye pou Haiti mande Bondye pou ede li
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa

Yon jou n’a jwenn lajwa (3x)

Through it all we’re moving up
Menmsi gen shock Bondye pi fò
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa
An nou priye pou Haiti mande Bondye pou ede li
Avèk la fwa avèk kouraj yon jou n’a va jwenn la jwa

Sonje J-Beatz te din sa, yon jou n’a va jwenn la jwa