C'est Compliqué-Nu-Look

Genre-Bolero
Year-2016
Produced By-Arly Larivière
Lyrics By-Arly Larivière
[Verse 1]
Pa twò lontan, lè y ap panse a yon lanmou konplè
Foto nou de te parèt an premye
Tout au début, lè y ap pale de couple exemplaire,
Non nou tou de se te yon referans
Ou pat konn pressure m, mande m pozisyon m,
Sitou si w panse ke sa t ap mete m nan ti soulye m
Ou te konn pwoteje m nan antouraj ou
Pa t bay pèsonn okazyon kesyone atachman m

[Verse 2]
Avan w pale kounya se de beaux aspirations
De projéction, et de disposition
Se vre m dakò chak moun k ap viv dwe g on objectif
Sof ke m panse l pa dwe fèt ak presyon
Mwen debousole, mwen dezoryante
Mwen pa moun ki ka jere yon tansyon aussi palpable
Depuis l bò kote w, atmosphère tendu
De enseparab, nou vin pase a enkonpatib

[Trumpet solo – André Déjean]

[Keyboard]

[Verse 3]
Se pa ke m pè responsabilite, oubyen m pa konnen sa m vle
O non non non, sa pap mache konsa
Pa vle desizyon m enfliyanse, men fòk li byen kalkile
Pa ka genyen foli, paske gen twòp enjeu

[Chorus]
Ou chita ap bay presyon (tout tan), se pa tout moun ki jere l byen (tande)
Gen moun li fè mache, gen moun li fè kouri

[Keyboard]
Mwen menm presyon fè m ale

[Hook]
Mwen pa vle pran preyson (rpt)

Alors, se sa yo di
Non non, pa fè sa
M pa mache konsa

[Hook]
Mwen pa vle pran preyson (rpt)

Jean Raymond, o pou di ou menm ankò frè m?
[Verse 4]
Menm lè m pa pale, mwen pa di yon mo,
Sa pa di m pa konprann, sa pa di m enkonsyan
Souf mwen ap koupe, kè m ap rache
Mwen s on nonm toumante
Lavi mwen pa fasil zanmi

[Chorus]
Nenpòt ki dezisyon mwen pran
Nenpòt ki direksyon mwen pran
Kanmèm m ap genyen kè kase
Kanmèm m ap genyen dlo nan je

[Outro]
Epi fanatik Nu-Look repete:
M pa vle pran
M pa ka pran
Ni m pap pran preyon
M pap pran presyon nan men pèsonn

Jordany, Ricky