Ayiti Zantray-Sidon Joseph

Genre-Bolero
Year-1986
Ayiti bèl fanm,
Ou mache nan tout san m.
Mwen renmen w jouk mwen vle fou,
Kou rara renmen tanbou.
Konsa pitit zantray va chache chimen lakay,
Pou yo sa vin chante, Ayiti cheri.

Ou se manman mizè m
Ou se rèn ki jouk nan kè m
Ayiti sou kabann lopital
An n ba l swen natif natal.
Konsa pitit zantray va chache chimen lakay,
Pou yo sa vin chante ansanm, Ayiti cheri.

Klòch la gen pou sonnen
Limyè w gen pou limen
Sou gran chimen
Zwazo yo va chante
Abèy yo va vole
Lè bèl flè yo va leve
Lavi va souri lè nan tout kè lanmou blayi
Ak tout fòs na va di, Ayiti cheri
(repeat)

la la la la la la la la la la la la la o Ayiti, mwen renmen w cheri
la la la la la la la la la la la la la o Ayiti, ou bèl pase tout fi