Pa Swete Malè Yon Lòt-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2016
Featuring-Tony Mix
Produced By-Arly Larivière
Lyrics By-Arly Larivière
[Intro]
Nu-Look
Pa mande mal pou moun

[Verse 1]
Pa pran chans mande mal pou yon moun
Pa janm bliye yo di: “Sa ou swete pou bèlmè w se manman w li rive”
Pa pran chans antre nan fè konplo
Lè sa menm lanati ap vire do l ba ou, l ap kite w degaje w
Lè sa wa va mande kisa w fè w ap peye
Tèlman tout sa w a va touche a kont ou
W a di se fè y ap fè w, w ap bay moun pote chay
San w pa konnen se sa ou fè w ap peye

[Chorus]
Ou genlè bliye pwoblèm se tankou men sòl li ye
Chak moun genyen tou pa yo
Chak moun genyen jou pa yo

[Pre-chorus]
Lè sa wa va mande kisa w fè w ap peye
Tèlman tout sa w a va touche a kont ou
W a di se fè y ap fè w, w ap bay moun pote chay
San w pa konnen se sa ou fè w ap peye

[Horns]
O o, sa k gen la a?
N ale
Tout sa ou fè w ape peye

[Keyboard]
O o o o o o
Nu-Look, tande m tande yo di m pap ka fè l
Tony Mix, yo pral di se dyab…òrrr
O o o o o o

[Chorus]
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante byen, se byen w ap rekòlte ti zanmi
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante mal, se mal w ap rekòlte ti zanmi

[Chorus]
Si w konnen w fè moun mal – fò w peye
Si w konnen w blofe moun – fò w peye
Ou fè moun enjistis – fò w peye
Monchè fò w peye l – fò w peye
Manyen sa k pa pou ou – fò w peye
Manti pou gen pozisyon – fò w peye
Si w konnen w fè abu – fò w peye
Monchè fò w peye l

[Horns]

[Hook]
Gade eta w mwen wont pou ou
Gade eta w mwen tris pou ou
Gade eta w, gade eta w

[Keyboard]
Nu-Look gate jwèt la
Pandan w ap rablabla w ape radote,
Nou menm n ap bay konpa

[Hook]
Gade eta w mwen wont pou ou
Gade eta w mwen tris pou ou
Gade eta w, gade eta w

[Verse 2]
Lè w tande y ap pale, yo fèmen zye yo
Yo bliye, yo bliye moun ki kanpe avè yo
Lè w tande y ap ranse, yo fèmen zye yo
Inyore, inyore tout moun ki avè yo

Ala kote moun yo engra

[Hook]
Rale kò w la, rale kò w la
Rale kò w la, rale kò w la…fake

[Verse 2]
Lè w tande y ap pale, yo fèmen zye yo
Yo bliye, yo bliye moun ki kanpe avè yo
Lè w tande y ap ranse, yo fèmen zye yo
Inyore, inyore tout moun ki avè yo

[Hook]
Rale kò w la, rale kò w la
Rale rale rale rale
Rale kò w la, rale kò w la

Ou di w se granmoun nenpòt timoun bat ou
Nenpòt ki kote, nenpòt ki kote
Ou pale, ou pale, ou pale
Mete granmoun sou ou

[Guitar groove]
(Si w pa Nu-Look, monchè al anba tè)

[Hook]
Ou panse m pat pare
Ou panse w te fin bon

Men mèt ke w papa

Fanatik Nu-Look yo, fè chenè, fè chenè pou yo

[Hook]
Fè chenè – chenè

Mete granmoun sou ou

[Hook]
Ou panse m pat pare
Ou panse w te fin bon

Men nou chire, ou chire

[Horns]
Men sa yo pat vle a
M bare anwo, m bare anba

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016