Domino-Enposib

Genre-Konpa
Year-2016
Lyrics By-Medjy Toussaint
[Hook]
Ann jwe on ti domino
kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba ou ka jwe anwo
depi w di m kisa w pi pito

[Verse 1]
M lage grenn sèt pè las nan kòl
Souvan li blaze m men m rete sou bò l
Li genlè gen de twa bon zo nan men l
Li jwe pou mwen renmen l
Mwen m ap jwe pou nou fè on bwase
Mwen pa nan bagay jwèt asosye
Cheri ann jwe pou nou dekale fason pa m nan fason pa m
Cheri gade

[Hook]

[Keyboard]
Men bon doub sis

[Verse 2]
Sak pi bèl la
Kounya mwen pa konnen kisa li gen nan tèt li – sa k pi bèl la
L ape bay bèl bèl pas – woy woy sa k ap pase
Kisa kounya ou fò ke mwen – sa k ap pase
Mezanmi gad on tintin – sa k ap pase
Ann rekòmanse rebrase

[Hook]

[Bridge]
M ap jere jwèt pa m
Jere jwèt pa w
Mwen pap dakò pèdi, pèdi konsa
Si w konn sa ou vle
Pa fè mwen pase
Zo lanmou a nan men m, nan men m li ye

[Keyboard]
Gad on zo
Judo, sak te gentan gen la

[Verse 3]
Si mwen fè dekabès, fò w ban m detwa karès
Fò w ban mwen tout sa mwen vle si m fè dekabès
Si ou fè dekabès, m ap fè w detwa pwomès
M ap fè ou tout sa ou vle si w fè dekabès

[Hook 2]
Ki zo ki nan men w – double uno
Ki zo ki nan men w – double tres
Ki zo ki nan men w – si w gen doub sis mon amour, woy sa mouri nan men w

[Keyboard]

[Verse 3]

[Hook 2]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016